ESPÒ// BREZIL U-17: SELEKSYON NASYONAL U-17 LA KONNEN YON TWAZYÈM DEFÈT.

Samedi 2 Novanm 2019 lan te gen de (2) bèl match nan gwoup sa Kore disid tap toke kòn li avèk Chili epi AYITI tap jwe ak Lafrans nan kategori sa. Ti grenadye yo konnen yon lòt defèt ankò nan peyi Brezil.

Twa match seleksyon nasyonal maskilen pi piti pase 17 lane an te repati konsa: premye match ti bikolò yo te jwe 27 oktòb 2019 kont kore disid (2-1) pou sid koreyen yo.
Chilyen yo te mal mennen ayisyen yo nan konpetisyon sa nan 2èm match la (4-2).
Dènye defèt ti grenadye yo se lafrans ki bat yo (0-2).

Seleksyon nasyonal maskilen U-17 la kite al antame 18èm edisyon koup dimond nan peyi brezil la ane sa elimine samdi 2 Novanm 2019 la san fè yon match Nil vwa poul ta fè yon viktwa.

Apre eliminasyon ti grenadye yo, seleksyon ayisyen yo toujou ap ekri istwa yo nan sak gen pou wè avèk koup dimond.
Kit se maskilen kit se feminen pako janm gen yon viktwa nan konpetisyon sa.

Drapo bikolò an flote 4 fwa nan koup dimond nan ane (1974) avèk seleksyon senyò an lè sa Emmanuel Sanon te make premye gòl Ayiti nan mondyal kont Itali. Dezyèm nan se te nan ane 2007 avèk U-17 lè sa Ayiti te konnen sel match nil li se te kont Lafrans. Nan mondyal sa Herve BAZIL te jwe pou lafrans.

3èm patisipasyon an se te nan lane 2018 avèk u-20 feminen an yon konpetisyon ki te fèt nan peyi Tyeri Henry.
Nan mondyal sa Nerilia Mondesir te make (3) gòl yon pèfòmans ki fèl rete miyè bitè ayiti nan koup dimond.
Dènye an se ane sa avèk jenerasyon U-17 sa ki tap jwe nan peyi wa Pele a 3 defèt pou twa match jwe.

Pa bliye se Miguel Perdomo ki te akonpanye ekip sa kòm teknisyen nan mondyal sa Ayiti jwe twa (3) match li pèdi yo li pran 8 gòl li bay 3 gol.

OTÈ: JOCELYN COUYOUTE.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …