Prezidan Repiblik la Ekselans Jovenel Moïse resevwa nan palè Nasyonal jounen 7 novanm 2019 la epi remèt chèk bay 50 ( Senkant) nan 150 ( San senkant) jèn antreprenè ki triye pami 3 mil (3000)ki te depoze pwojè nan PAPEJ , ki se Pwogram Apwi Antreprenarya Jenès.
Jèn sa yo ki reprezante tout komin ki genyen nan peyi a pral resevwa lajan prete ki ka rive jiska 2 milyon goud, sou yon dire ki pa ka pi piti pase 10 lane , ak yon enterè ki pi piti pase 1% chak mwa. E pandan premye ane a, jenn antreprenè sa yo pap peye yon goud, sa vle di se yon ane gratis selon enfo yo.
Chèf Leta a, ki konnen doulè moun ki gen bon lide men ki pa gen mwayen pou egzekite yo, deside a travè PAPEJ, bay jèn antreprenè sa yo opòtinite pou reyalize rèv yo epi bay lòt moun nan kominote a travay.
A travè PAPEJ, Prezidan Jovenel Moïse ouvri pòt pou moun ki gen bon lide men ki pa gen marenn ak parenn rive jwenn kredi nan enstitisyon leta ki tabli pou sa. Chèf Leta deside revolisyone sistèm kredi a an Ayiti epi louvri pòt pou moun ki nan plis bezwen yo.