LEMOND/JISTIS: ANSYEN PREZIDAN PEYI BREZIL LA LULA KITE PRIZON AN SOU LÒD LAJISTIS.

Ansyen prezidan peyi Brezil la Luis Ignacio Lula Da Silva ki gen ti non Lula jwenn liberasyon li jounen vandredi 8 novanm 2019 la apre li fin pase plis pase 18 mwa nan prizon.

Plizyè milye patizan, fanmi ak madan prezidan an tal resevwa li pandan li tap soti nan prizon an nan vil Curitiba ki chita kò li nan Sid Peyi Brezil, Lula ki te sòti ak anpil kè kontan pat pran tan pou li tal jwenn madanm li ak foul la ki tap bat bwavo nan yon anbyans kanaval pou te resevwa li.

Nap raple Lula te akize nan zak koripsyon, yon akizasyon ke li menm ak patizan li yo pa janm aksepte e yo te kalifye arestasyon an kòm yon zak gwo ponyèt pou te anpeche li pran pouvwa nan dènye eleksyon yo.

 

Kredi foto: RFI

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …