AYITI/NASYONZINI:AYITI PAMI PEYI KI MANDE ETAZINI LEVE ANBAGO SOU PEYI KIBA.

Otorite nan peyi Dayiti avèk anpil angouman fè pati de 187 peyi ki vote pou mande peyi Etazini sispann anbago ki sou peyi Kiba nan asanble jeneral Nasyonzini Jedi 7 Novanm 2019 la jan sa konn abitye fèt depi nan lane 1991.

N’ap raple peyi Kiba anba anbago sa depi nan lane 1959 pou sanksyone yo nan sa ki gen pou wè avèk kesyon ekonomi ak finans, 3 peyi vote pou kontinye kenbe anbago sa a non yo se (Etazini, Izrayèl ak Brezil) 2 lòt pa deside vote ni pou kenbe anbago a Ni retirel non yo se (Ikrèn ak Kolonbi) sa fè deja 60 lane depi Kiba anba gwo sanksyon sa nan men peyi Etazini.

Gmail: josephjemsley814@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …