AYITI//POLITIK: RESPONSAB OTÈL MARIOT METE BARIKAD POU EKIP OPOZISYON AN PA REYINI NAN OTÈL LA.

Aprè 2 jou rankont plizyè sektè nan lavi nasyonal la fè pou jwenn yon antant sou ki prezidan kap vin ranplase Jovenel Moïse nan palè nasyonal, ebyen responsab OTÈL MARIOT yo pa kite yo Reyini nan OTÈL la ankò.

Selon enfòmasyon ki rive jwenn sal Redaksyon ECHOJOUNAL la fè kwè ayè Samdi 9 novanm 2019 la, plizyè militan te fè anpil bwi andedan kote chak tap revandike yon bagay diferan sa te twouble lòt kliyan otèl la.

Nap fè konnen militan sa yo te fè bwi akoz yo pat gen Moun kite reprezante yo sou tab negosiyasyon an, alòske se yo ki tap pran gaz ,bal,ak prizon nan lari a selon sa yo fè konnen.

 

Otè : Malvoisin Louisias Diego

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …