AYITI/IMIGRAN: YON FÒS NAN PEYI BAYAMAS METE MEN SOU 58 AYISYEN SOU YON TI BATO.

Nan yon patwouy « Royal Bahamas Defense Force » tap fè nan zile Exuma ki nan achipèl Bayamas la yo mete men sou yon ti bato ki te gen ladann 58 ayisyen ki tap tante antre nan peyi Bayamas san otorizasyon vandredi 8 novanm 2019 la.

« Royal Defense Force » remèt 58 ayisyen sa yo bay otorite imigrasyon peyi Bayamas yo ki yo menm ap mennen ankèt e jwenn idantite 52 gason ak sis (6) fanm sa yo ki te nan ti bato sila apre pou ta voye yo tounen nan peyi Dayiti selon enfòmasyon ki soti nan peyi Bayamas.

 

Kredi foto: Jamaica observer

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …