AYITI/DIFE: YON GWO DIFE EKLATE NAN YON IZIN NAN KOMIN KAFOU.

Byen bonè dimanch 10 novanm 2019 la yon gwo dife eklate anndan konpayi CUIRS HAW TAN S.A ki chita kò li sou wout ray la nan komin Kafou.

Malgre prezans sapè ponpye nan komin Kafou yo kite vin jwen bakòp sapè ponpye Pòtoprens yo anpil dega rive fèt anndan konpayi CUIRS HAW TAN S.A kote dega yo ta evalye a kat (4) milyonn dola vèt pou pi piti selon direktè jeneral izin nan Daniel Gallagher.

Yon dife pèsòn moun poko konnen kote li soti selon responsab yo ak moun ki te prezan anndan an nan moman dife a pran.

Konpayi sa ap bay sèvis nan peyi a depi nan lane 1978 nan fè gan an kwi epi itize po pou fè kwi pou al vann yo nan plizyè peyi nan mond lan.

 

 

Foto: Eklablog

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …