AYITI/ENSEKIRITE:BANDI ATAKE LEKÒL KITE OUVÈ PÒT YO NAN KOMIN LYANKOU.

Plizyè lekòl te deside ouvè pòt yo jounen Lendi 11 Novanm 2019 la nan komin Lyankou ki chita kò li nan depatman Latibonit la pou kapab pèmèt timoun yo jwenn chimen lekòl ki te fèmen pòt yo apre plizyè semèn akoz kriz politik Ayiti ap travèse.

Plizyè nèg ak gwo zam te debake nan plizyè lekòl pou vin mete latwoublay nan mitan elèv yo, sa ki te mete lapèrèz nan mitan plizyè lòt responsab lekòl epi kouri fèmen pòt lekòl yo, voye tout timoun tounen lakay yo.

 

josephjemsley814@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …