Zimbabwean President Robert Mugabe delivers his speech during a live broadcast at State House in Harare, Sunday, Nov, 19, 2017. Zimbabwe's President Robert Mugabe has baffled the country by ending his address on national television without announcing his resignation. (AP Photo)

Ansyen prezidan Robert Mugabe ta dwe bay ekplikasyon sou disparisyon revni dyaman.

Ansyen prezidan Robert Mugabe dwe esplikel sou disparisyon revni dyaman an ki reprezante yon sòm 15 milya dòla, chak revni.

Se sa prezidan komite palmantè yo ki chaje de min ak enèji konfime  vandredi 20 avril la .

Ansyen chèf leta gen poul parèt devan yon jij 9 me kap vini la.

Robert Mugabe devan palman an pou rann kont.

Se yon premye, menmsi ansyen chèf leta a pa envite poul esplike antanke yon senp temwen.

Depite yo vle pozel kesyon sou kèk pawòl ki gen 2 lane , ladan yo li regrèt ke peyil lan pèdi kèk milya dola akoz koripsyon ak evazyon kòb ki rantre nan konpayi minyè etranje yo.

Depi kèk lane , òganizasyon anti-koripsyon an devwale detounman revni minye sa yo pa kèk sosyete  etranje men tou pa wo dinitè pati ki sou pouvwa a.

Li poko klè ke Robert Mugabe gen obligasyon poul parèt nan konvokasyon sa.

Men pou analis politik yo,  difèt ke yo konvokel lan c yon premye. Epil endike yon separasyon avèk pase, konsa yon volonte gen plis transparans ak responsablite.

Komite sa ki responsab min yo ak enèji a te aktif dènye mwa sa yo , depi depa Robert Mugabe, konvoke plizyè ansyen minis ak wo responsab administrasyon an.

 

 

Lisa RIDORÉ

ridorelisa10@Gmail.com

+(509)4498-77-60

 

KREDI FOTO; Le Monde

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …