AYITI/ENSEKIRITE: YON MANB NAN KOMISYON NASYONAL DEZAMENAN DEMANKLEMAN AK REYENSÈSYON (CNDDR) BAY YON TOTAL ZAM ILEGAL KI TA NAN PEYI A.

Nan kat (4) dènye lane yo kantite zam ki gen nan peyi a double, nan lane 2015 kantite a te yon total 250 000 nan sa polis nasyonal peyi Dayiti te bay, pou ane 2019 la chif la pase a 500 000 zam epi 100 gwoup gang nan sa komisyon nasyonal dezameman, demankleman ak reyensèsyon (CNDDR).

Jean Rebel DORCENA yon manb nan komisyon sila kritike pouvwa ki fèmen zyel ki pa di anyen sou sitiyasyon sa anplis ki sanble pwofite de sa menm jan yon pati nan opozisyon an ak sektè prive ki gen moun sa yo pou regle zafè yo.

Yon chif ki pa lwen ogmante nan ane ki ap antre yo si pa gen yon dezisyon ki pran paske komès zam ilegal ap kontinye fèt anba zye leta ki pa montre enterè pou fini ak sa.

 

josephjemsley814@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …