ELÈV LA SALIN YO PRAN LARI JODI A POU MANDE PWOFESÈ

Jodi lundi 23 avril 2018 , nan nevè nan Maten pou rive midi . Elèv lise nasyonal la salin yo leve kanpe pou yo revandike paske yo gen plis pase twa (3) mwa depi yo pa janm jwenn pwofesè selon sa yo fè konnen.

Nan kad revandikasyon sa a , elèv yo arive bloke plizyè rout ki debouche sou boulva la salin nan ak ròch epi rout prensipal la ak kawotchou yo tap boule .Kote sa rive paralize plizyè konpayi maritim ki nan zòn nan,  tankou : ayiti tèminal , imt1 epi simèks; ki vin rele kounya CPS . Epi kèlke lekòl prive ki nan zòn nan rive paralize .

Malgre presans la polis , ponpye epi bim ekolye sa yo pat sispann rete ak tout san fwa yo pou yo kontinye revandikasyon yo . kote yo tap  mande  pwofesè  se elèv yo ye tankou tout elèv . Lè revandikasyon yo kòmanse pran yon lòt anplè la polis te oblije tire epi voye gaz akrimojèn.

Plizyè elèv pran la pawòl nan mikro echo jounal pou di tout tan yo pa jwenn pwofesè yo fèk kare pran lari a . yo mande ak minis edikasyon nasyonal la, di sa l’ap di a prese prese.

 

 

Michel st Louis

47852585

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …