AYITI/ENSEKIRITE: YON KÒDONATRIS DENONSE BANDI KI AP VYOLE FANM YO.

Nan plizyè zòn sou wout nasyonal nimewo 1 an bandi a gwo zam nan men yo pwofite de kriz politik peyi a ap travèse pou fè kadejak sou jèn fanm ak gran moun ki ap pase nan zòn sa yo tankou: Akayè, Ti tanyen ak Lanmè frape nan 70.

Guerlyne RÉSIDO kise kòdonatris òganizasyon « Kri fanm Ayiti » (CRIFA) rele anmwey ak sitiyasyon sa kote nèg ak zam sa yo pa epanye ni timoun ni granmoun lè tout moun konnen ki konsekans sa ka genyen nan maladi ak gwosès sou medam yo.

Yo mande pou otorite yo pran yon desizyon prese prese avan sa vin pi grav nan zòn sa yo paske fanm yo jwe yon enpòtan nan sosyete a.

 

josephjemsley814@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …