AYITI/SEKIRITE: LAPOLIS METE MEN NAN PAT KASAY YON ENDIVIDI KI TE GEN NAN MENL KOKTÈL MOLOTOV.

Lapolis mete men nan pat kasav Emmanuel Dorival nan zòn Saint Patrick Delmas 33 ak plizyè koktèl molotov nan men li pandan jounen 18 novanm 2019 la.

Mesye sa te gen avèk li plizyè lòt moun ki yo menm te gentan lage pye yo nan moman lapolis te rive sou yo. Emmanuel Dorival ap reponn kesyon lapolis nan moman an selon yon sous nou ka fè konfyans.

Nap raple koktèl molotov la se yon boutèy yo mete gazolin ladann ak yon mèch pafwa yo mete sab lanmè ladann epi voyel kote ki nan li de yo, kote li tonbe a li eksploze epi pran dife.

 

 

Kredi foto: PariVox

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …