AYITI/EKONOMI: 150 JÈN ANTREPRENÈ RIVE JWENN LAJAN PRETE NAN YON PROGRAM PREZIDAN AN METE SOU PYE.

Prezidan Repiblik la Jovenel Moïse resevwa nan palè Nasyonal la epi remèt chèk bay katrevendouz (92) Jèn antreprenè nan kad Pwogram Apwi Antreprenarya Jenès la jounen jedi 21 novanm 2019 la.

Jèn sa yo vini aprè 50 lòt ki te resevwa chèk yo jedi 7 novanm 2019 pase a san konte uit (8)  lòt nan fen ane 2018 la. Jèn sa yo ki reprezante tout komin nan peyi a resevwa lajan prete ki ka rive nan 2 milyon goud, nan yon dire dis (10) lane , ak yon enterè ki pa depase 1% chak mwa. Pandan premye ane a, antreprenè sa yo pap peye yon goud.

Chèf Leta a te pase lòd nan ONA ak Ministè komès nan mwa janvye 2018 la pou mete sou pye bon jan pwogram ki ka ede jèn antreprenè nan peyi a. Soti novanm 2018 pou rive jodi a, 150 jèn gentan resevwa lajan pwogram sa.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …