AYITI/KONFERANS: KÒDINASYON REZO NASYONAL SIVIVAN RESTAVÈK ATIRE ATASYON LETA SOU SITIYASYON TIFI AK TI GASON AP VIV NAN DÈNYE TAN SA YO.

Kòdinasyon rezo nasyonal sivivan restavèk bay yon konferans pou laprès jounen vandredi 22 novanm 2019 la pou atire atansyon sosyete ayisyèn nan sitou otorite nan leta yo sou move tretman tifi ak ti gason ap  sibi lè yo tonbe nan pratik restavèk la.

Selon responsab rezo sila ki chita sou 3 jounen entènasyonal sa yo 17 novanm jounen nasyonal sansibilizasyon kont pratik restavèk nan peyi Dayiti, 20 novanm  jounen entènasyonal dwa timoun, 25 novanm jounen èntènasyonal pou fini ak vyolans kap fèt sou fanm pwofite 3 dat sa yo pou denonse tout kalte pwoblèm timoun ak fanm ap sibi anba men atoufè san fwa ni lwa nan dènye jou sa yo.

Selon rezo a, sityasyon latwoublay ki gen nan peyi a dènye tan sa yo rann  pwoblèm timoun yo ak fanm yo vin pi dejenere kote yo viktim de eksplwatasyon epi medam yo sibi anpil zak kadejak, yo pa ka evakye ak aktivite yo padan yo gen lajan ponya nan men yo.

Rezo a anonse operasyon pou libere viktim restavèk yo ki te la pou jwenn timoun kap soufri move tretman yo ki malerezman bloke akoz peyi    lòk la kote yo pa ka deplase akoz barikad ki nan tout kwen epi tribinal yo ki fèmen pou site sa yo.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …