AYITI/SEKIRITE: DE (2) MEKSIKEN YON AYISYEN ANBA KÒD POU ZAFÈ DWÒG NAN TI AVYON KI TE FÈ KRACH NAN PEYI DAYITI A.

Apre yon ti avyon fè Krach Samdi 23 Novanm 2019 la nan lasware nan peyi Dayiti nan depatman SID la, nan komin Sen Jan di SID nan zòn « Nan mwen » twazyèm (3è) seksyon ajan BLTS yo pat pran tan pou t’al konstate.

Lapolis ki te gentan jwenn nouvèl la pat pran tan pou te mete koukouwouj pou chache moun kite anndan avyon sa kote yo rive mete anba kòd Villeda Avila Juan JOSE avèk Vangas Florés ANDRES kise 2 Meksiken epi yon ayisyen yon Ayisyen ki tap fè trafik.

De (2) etranje sa yo ke yo ta akize pou zafè dwòg ta fè konnen ak Lapolis se yon livrezon dwòg yo t’ap fè kote deplasman te fèt nan peyi Beliz pou ale Venezyela pou kapab pran 900Kilo Kokayin pou te pote nan peyi Guatemala yo menm fè konnen toujou yo te resevwa yon 20 000dola ameriken kote yo chak gen 10 00dola ameriken kòm frè davans.

Yon lòt 300 000 dola ameriken t’ap vin nan men yo kote chak t’ap genyen 150 000dola si misyon sa te pase jan yo te swete sa malerezman sa pa fini byen pou yo.

Otè: Jemsley JOSEPH

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …