Direksyon kliyantèl sant teknik eksplwatasyon DINEPA soti yon nòt pou fè tout abòne li yo nan zòn metwopolitèn nan konnen tout sistèm teknisyen yo tap travay ladan yo ap fonksyone nòmalman pou rive bay popilasyon an satisfaksyon.
Selon nòt sila tout sèvis li yo disponib ak tout ajans yo nan kapital la ak zòn ki antoure l yo tankou: Matisan, Kafou, Pòtoprens, Delma, Petyonvil pral fonksyone san grate tèt.
DINEPA tou pwofite mande tout abòne li yo pou pase peye bòdwo yo pliske tout biwo l yo ouvè pou resevwa deyans abòne yo. Nan sans sa DINEPA mete yon nimewo disponib ki se 5959 pou tout abòne li yo kapab bay dòleyans yo oubyen yo kapab pase nan ajans ki pi pre yo a.