ESPÒ/LID DÈ CHANPYON: KEYLOR NAVAS ANPECHE REAL MADRID BAT PSG.

Senkyèm (5èm) jounen faz de gwoup la tap jwe nan gwoup « A » Real Madrid tap resevwa PSG nan Santyago Bènabewou an yon match ki fini Nil (2-2).

Yon match ki te parèt enposib pou pwoteje Thomas Tuchel yo depi lè rankont lan lage mezon blanch lan kontwole balon an, Byen bonè Karim Benzema ta pral ouvè eskò swa nan (17èm) minit.
Yon mitan madrilèn yo fè tout sak posib pou agrave eskò an men toujou tonbe sou yon keylor Navas an bon dènye grenn.

Pwoteje Zinedine Zidane yo fè tout 45 minit lan ap pouse parizyen yo pou chèche yon gòl brek men sa pat janm rive jis kaske mitan an fini.
Yon premye peryòd ki fini (1-0) nan avantaj ekip ki tap resevwa.

Apre poz la nan dis (10) premye minit lan apre monte Neymar Junior nan plas Idrissa Gueye nan 46′ PSG te jwe yon lòt jan.

Apre 15 minit dezyèm mitan an madrilèn yo reprann match yo kòm sa te fèt lè rankont lan te fèk kòmanse an.
Nan peryod sa klèb fransè an te kanpe ap obsève dega yo avèk yon Eden Hazard ki te sou bon joul trennen ak yon bon Toni Kroos ki tap jwe byen nan mitan tèren an.
nan 79′ klèb vizitez la ki tap kouri dèyè egalizasyon an ta pral wè Benzema ofri tèt li yon double pou (2-0).

Pwoteje Thomas yo ta pral redwi mak la apre yon mezantant de Thibaut Courtois ak Raphaël Varane nan (81′) se Kylian Mbape ki te make gòl la (2-1).
De (2) minit apre Pablo Sarabia ta pral egalize pou PSG nan 83′ nan jwèt la.
Sarabia te ranplase Mauro Icardi nan rankont lan yon chanjman ki peye pou Thomas tuchel.

Yon match madrilèn yo fini ak yon pwosesyon siperyè sou parizyen yo.
53% vs 47%
27 tir pou ekip resevez la kont 13 pou ekip an deplasman an swa defwa anplis.

Apre match sa Paris Saint Germain fini premye nan poul la avèk 13 pwen menmsi li ta pèdi 6èm jounen an Real Madrid 2èm avèk 8 pwen swivi klèb Brugg 3 pwen Galatasaray bon dènye avèk 2 pwen.

 

OTÈ : JOCELYN COUYOUTE.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …