AYITI/KOMEMORASYON: Yon jounen refleksyon pou komemore jounen entènasyonal kont vyolans kap fèt sou fanm nan latibonit.

Lendi 25 novanm 2019 lan direksyon depatmantal ministè kondisyon fanm ak dwa fanm nan latibonit òganize yon jounen refleksyon nan vil gonayiv sou dispozisyon ki dwe pran pou fini ak zak vyolans tout fòm kap fèt sou fanm yo nan kad komemorasyon jounen entènasyonal kont vyolans sou fanm.

Plizyè òganizasyon kap defann dwa fanm yo te prezan nan aktivite sa a ,madam Patricia Casamajor ki se responsab kolektif fanm latibonit pa kache fristrasyon li devan kantite zak vyolans fanm yo ap sibi chak jou nan sosyete an,militant dwa fanm nan mande tout popilasyon an pou pote kole pou dwa fanm yo ka respekte.

Nan kad jounen sa a genyen direktris depatmantal ministè kondisyon fanm ak dwa fanm nan latibonit madam Bolivar ki fè konnen respè dwa fanm yo nan peyi an toujou rete yon defi malgre gwo jefò yap fè nan sektè an .Responsab lan denonse zak vyolans sa yo kap fèt sou fanm yo chak jou pandan kriz politik peyi an ap konnen an fanm yo pa sispann viktim zak vyolans sou tout wout yo.

Pou l fini madam Bolivar fè konnen se avèk anpil endiyasyon yap konstate chak jou pi plis zak vyolans yo ap ogmante pandan yap kontinye travay pou pèmèt dwa fanm yo respekte.

Rolguy Docteur

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …