AYITI/NÒT: MOUVMAN TWAZYÈM VWA A KOURI DEMAKE LI DE ARNEL BELIZAIRE.

Apre Arnel Belizaire fin menase plizyè enstitisyon nan peyi a ladan yo anbasad peyi Etazini mouvman twazyèm vwa (MTV) soti yon nòt pou yo di ansyen depite a pa manm MTV.

Nòt sa ki soti 26 novanm 2019 la e ki gen siyati prezidan MTVAYITI Reginald Boulos fè konnen yo pa melanje nan okenn zak vyolans ni de lwen ni de prè, yo fè konnen yo kondane tout sòt represyon ak zak bandi ke popilasyon ap konnen nan dènye jou yo.

Nap raple pandan MTVAYITI soti nòt pou demake yo de Arnel Belizaire yon video ap sikile sou rezo yo kote ou kapab wè ansyen depite a ansanm ak doktè a ap planifye mouvman kont gouvènman an, nan yon voice ou tande Arnel kap defann doktè Reginald Boulos ke li fè konnen pa gen diferans ant yo menm ak Boulos paske lap defann menm koz avèk yo ki se fòse Jovenel Moïse kite pouvwa a.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …