AYITI/SENDOMENG: YON PASTÈ AYISYEN ANBA KÒD POU YON TI FI 12 LANE LI VYOLE NAN PEYI SENDOMENG.

Pastè Ayisyen, Benoit Fils LÉGER vyole epi ansent yon ti fi 12 lane ki gen nasyolite Ayisyèn nan peyi Sendomeng, li ta fè ti fi sa konnen si li pa kouche avèk li, li pap sove se nan lanfè tou dwat li prale.

Manman ti fi a ki te fè pastè a konfyans te aksepte pou ti fi al rete avèk pastè a menm kay,  ta pral dekouvri ki zak pastè ap fè sou pitit fil e rele anmwey mande sekou lajistis.

Responsab jistis nan lakou Santo Domingo ki te sou dosye a mennen yon ankèt pou konn si se vre, apre pastè a te fin fè zak sa nan mwa Novanm 2018 kote manman viktim nan ta pral dekouvri l.

Pastè Ayisyen 70 lane a revele koupab e gen yon amand 200 000 pesos anplis kondane pou 20 lane nan dènye desizyon tribinal premye Collégia nan Santo Domingo pran sou dosye sila.

Otè: Jemsley JOSEPH

Kredi foto: facebook

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …