AYITI/POLITIK: PLIZYÈ BIWO AK LEKÒL NAN VIL PÒDEPÈ LEVE ANBA TWALÈT.

Moun kap viv nan vil Pòdepè leve jwenn byen bonè maten lendi 2 desanm 2019 la plizyè lekòl ak biwo leta badichonen ak twalèt.

Elèv yo ki te vini pou rantre lekòl te oblije fè bak akoz sant lan ki tap bay pwoblèm, sityasyon sa pat poze sèlman nan lise a ak kèk lekòl prive men te gen biwo leta tou ki te anba twalèt. Elèv yo ki te fache te antann yo pou pran lari a pou mande yon chans.

Nap raple malgre tout mouvman peyi lòk la lekòl la te toujou fonksyone nan vil Pòdepè.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …