ESPÒ/FOUTBÒL: CHANPYONA FOUTBÒL NAN PEYI CHILI AN ANILE POU SEZON 2019 LA.

Nan lannwit vandredi 29 pou rive samdi 30 novanm 2019 la enstans ki òganize konpetisyon pou federasyon peyi Chili an (ANFP) nan tèt kole ak dirijan klèb premye ak dezyèm divizyon pran desizyon anile chanpyona yo apre 24 joune.

Desizyon sa pran akoz kriz sosyal kap ravaje peyi Chili depi plis pase yon mwa kote match yo pa ka jwe akoz kriz la ki paralize prèske tout aktivite yo nan peyi Chili, 42 klèb sou 45 dakò ak desizyon sila. Selon dirijan kléb yo deplase pou al jwe se gwo risk pou jan ensekirite a ap vale tèren nan dènye jou yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …