AYITI/PNH: LAPOLIS PREZANTE ARNEL BELIZAIRE AK MOUN YO TE ARETE AVÈK LI YO EPI ZAM YO BAY NASYON AN.

Lapolis nasyonal prezante bay nasyon an jounen mèkredi 4 desanm 2019 la ansyen depite Delmas a Arnel Belizaire ak moun yo te arete avèk li epi pil zam ak katouch yo jou ki te 30 novanm 2019 la.

Ansyen depite a ki te gen sou li yon mayo blan yon bout pantalon ak minòt li nan menl te tou pwofite voye kèk mesaj bay popilasyon an, kote li fè konnen batay la fenk kòmanse, li deklare si batay la kontinye lap lage.

Ansyen depite a di li pran nan konplo lap goumen kont pouvwa men li pa ti vakabon li pap kanpe anfas lapolis, li fè konnen li goumen anpil pou te mete chèf polis la. Ansyen depite a malgre li anba minòt fè konnen li an fas prezidan repiblik la e lap kontinye batay.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …