AYITI/SEKIRITE: TWA NÈG AK ZAM SOU MOTO JWENN A ZO GRANN YO NAN DELMA 31.

Twa nèg ak zam ki te sou moto jwenn ak zo grann yo nan tire ak lapolis mèkredi 4 desanm 2019 la nan zòn Delma 31.

Selon enfo yo mesye sa yo ki tap fouye moun depi nan kafou Gerald Bataille kote yo pote ale telefòn ak lajan plizyè kanbis yo te jwenn sou wout yo ta pral tonbe sou yon patwouy lapolis ke yo ta pral ouvri katouch sou patwouy la, polisye yo ki pat deside ba yo legen ta pral lage dèyè yo nan echanj katouch twa (3) tonbe youn ladann yo rive chape poul li.

Mesye sa yo ki te sou de (2) moto selon enfòmasyon yo te kat (4) nèg, yo ta pral koz machin polisye yo antre nan yon mi epi kraze.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …