LEMOND/VENEZWELA: AYITI PAMI 13 PEYI KI FÈMEN PÒT YO POU PREZIDAN MADURO AK 29 OTORITE NAN PEYI VENEZWELA.

Nan yon chita pale ant 15 peyi ki fòme TIAR yo madi 3 desanm 2019 pase a, 13 ladan yo antann yo pou prezidan peyi Venezwela Nicolas Maduro ak 29 manm nan gouvènman li ak fanmi yo pa pile sòl yo epi pou kapab opere okenn operasyon bankè lakay yo.

Mezi sa yo konsène prezidan Maduro, minis enteryè li Vladimir Padrino, minis afè etranjè li Jorge Arreaza, #2 pati sosyalis la ki nan pouvwa a epi plis pase yon dizèn nan wo eta majò lame a, yon lis ki kapab vin pi long nan pwochèn chita pale yo paske yo prevwa ajoute alye ak moun kap sipòte Maduro.

Prezidan Maduro ki tap reyaji sou desizyon sa fè konnen peyi sa yo se maryonèt, se kloun, se lòd yo resevwa nan men peyi Etazini pou rann li fèb ak pèp li a.

 

Kredi foto: L’express

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …