AYITI/EDIKASYON: ELÈV NAN VIL PÒDPÈ REVÒLTE KONT MANM OPOZISYON YO NAN VIL LA.

Plizyè elèv nan vil Pòdepè revòlte jounen lendi 2 desanm 2019 lan apre yo te leve jwenn plizyè nan lekòl yo te badichonnen ak twalèt.

Sa ki te chavire bonèt elèv yo, yo te pran lari a rele chalbare dèyè opozisyon an kote yo tap mande chans pou lekòl la fonksyone, yo te jwenn kay yon manm nan opozisyon sou wout yo yo te tou atake kay sa ak wòch epi lanse anpil pawòl piman bouk kont opozisyon an nan vil la, se gras ak entèvansyon lapolis sityasyon an pat dejene plis.

Elèv yo ki te trè an kòlè di yo pa nan politik se lekòl la ki avni yo se pou yo kite yo al lekòl, yo denonse moun kap pran lajan pou al badichonnen lekòl yo ak poupou epi kap mete barikad yo pou anpeche yo al swiv kou kòm sa dwa.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …