Lapolis nan vil Okay mete nan gagann Jean Wisnor samdi 14 desanm 2019 la.
Jean Wisnor akize kòm yon gwo bandi ki tap taye banda nan vil Okay nan zòn Savann ke se li menm ki ta chèf la, selon enfòmasyon yo Wisnor ta fè pati gwoup bandi ki rele KILLIKOU, ki te soti video sou rezo sosyo yo kote yo te mete kagoul gwo zam nan men yo.
Wisnor akize nan plizyè zak bandi nan vil la nan dènye jou yo, selon enfo yo li se moun ki te patisipe nan boule mache ak yon bis konpayi « Dignite » nan mwa novanm lan.