AYITI/ENSEKIRITE: MOUN YO PA RIVE IDANTIFYE ESEYE FÈ GWO DEGA NAN SANTRAL KOURAN VARREUX.

Leta Ayisyen nan gwo desizyon li te pran kote yo te tradui responsab SOGENER yo lajistis pou te kapab pran santral kouran Varreux yo pou remèt yo avèk EDH ap jwenn anpil difikilte.

Moun yo pa rive idantifye atake santral kouran Varreux kote yo eseye koupe tiyo ki mennen mazout nan Santral la pou 12 Desanm 2019 la nan lasware pou kapab anpeche popilasyon an jwenn kouran nòmalman.

Responsab EDH yo ki dekouvri sa remèt dosye sa avèk lajistis pou konnen moun ki dèyè aksyon malonèt sa.

Responsab EDH yo asire popilasyon an gen anpil gwo travay ki ap nan santral kouran pou kapab pote amelyorasyon yon fason pou yo jwenn yon pi bon kouran pou kapab reponn avèk bezwen yo genyen nan zafè kouran.

 

Otè: Jemsley JOSEPH

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …