AYITI/POLITIK: ENJENYÈ JEAN THOMAS PRECHE INYON NAN MITAN KLAS POLITIK LA AK PÈP AYISYEN.

Enjenyè Jean Thomas ki tap reyaji sou eta kritik peyi Dayiti ap viv nan dènye tan sa yo preche inyon ak tèt ansanm pou pèmèt peyi a jwenn yon souf.

Ejenyè a kap evolye deyò peyi deklare « Avèk nou, wi. San nou, non. Fòk Ayiti chanje; Tèt ansanm, tèt anplas!
Jean Thomas mande pou nou mete men nou asanm poun sove lavi Peyi Ayiti. Selon enjenyè a Poun sove Peyi a fòk nou ka fè yon efò poun sove pwòp tèt nou. E pou nou fè sa, fòk nou chak ka konprann youn lòt, fòk van kolektif ak van tèt ansanm nan ka soufle nan mitan nou. Fòk nou ka aji ansanm, pou nou avanse ansanm. Paske san konsyans tèt ansanm sa, nou pap janm ka sove tèt nou, pou peyi a sove. Pa bliye, nou se Peyi Ayiti, peyi a se nou!

Jean Felicien Thomas ki vize dirije epi pran tèt peyi a ak yon ekip konpetan epi solid gen pou deviz 2022 se va tou pa pèp la.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …