AYITI/JISTIS: CALEB JEAN BAPTISTE, YON JÈN AVOKA KI DESIDE DEFANN MOUN KI PI MAL YO.

Caleb Jean Baptiste se yon mesye marye, ki genyon pitit li bay tèt li misyon pou defann moun ki pi mal yo e ki pa gen mwayen yo, jèn avoka a toujou disponib pou ede moun ki an difikilte ak lajistis.

Jèn avoka a se manm nan bawo Aken an an menm tan li se konseye de lòd nan bawo a ki se manm federasyon bawo Dayiti,  li se respnsab relasyon piblik blòk avoka ki angaje yo pou libere prizonye politik yo, selon avoka a depi prezidan repiblik la Jovenel moute sou pouvwa li deja libere anviwon 1000 militan. Avoka a gen kabinè li ki se Cabinè Caleb Jean Baptiste et associés.

Caleb Jean Baptiste pa sèlman yon avoka li se yon jounalis ki toujou fè entèvansyon nan plizyè medya nan peyi a e li trè prezan sou rezo sosyo yo toujou nan menm objektif la sipòte moun ki pa lavwa o chapit yo. Ou menm ki ta renmen kontakte mèt la ou jiska tape 37166075.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …