AYITI/STAR: DISCOBALL YON NOUVÈL ETWAL POU COMPAS AYISYÈN NAN.

Nan objektif pou mete lajwa nan kè popilasyon ayisyèn nan avèk vann kilti pèp ayisyen an nan tout Kat kwen mond lan « DISCOBALL » yon jèn gwoup mizikal Compas ki pran nesans li nan lane 2013 nan peyi Etazini, espasyalman nan « FORT LAUDERDALE » vin pote touch pa yo nan sektè sa avèk anpil bèl mizik yo genyen.

Jèn talan sa yo ki pa sèlman jwe Compas, men ki jwe lòt stil mizik tou, tankou: « ZOUK, AFRO-BEAT ak R&B » kwè nan talan yo posede pou fè tout kè fanatik mizik yo kontan, nan gate yo avèk anpil bèl mizik yo pa sispann konpoze.

Yon jèn gwoup chaje avni ki gen nan tèt li pou chantè prensipal <<RUBEN JAY>>, Konpozitè <<SPOTLIGHT>> epi pwodiktè ak chantè <<BILLY BEAT>> pou manager <<DARBY PIERRE-LOUIS>> avèk <<RUTH CEDIEU>> de (2) bèl fanm Kreyòl k’ap travay san kanpe pou vann imaj jèn Ayisyen sa yo ki chaje avèk talan.

Nan lis mizik yo deja sòti k’ap mache trè byen sou mache mizikal la n’ap site:

1) BANM TÈT OU ki gen sou li rapè « FANTOM » ki se youn nan pasyon fanatik mizik yo.

2) OU FÈM DU TORS

3) LOOK AT YOUR BODY

4)ASS UP FACE DOWN

Yon pwomotè, oubyen nenpòt moun ki swete kontakte gwoup mizikal « DISCOBALL » kapab jwenn yo nan lis kote sa yo oubyen tou abòne avè yo pou’w konn tout detay sou sa y’ap reyalize nan domèn nan:
Facebook: Discoballmusic

YouTube: Discoballmusicgroup

SoundCloud: Discoball

ITunes spotify: Discoball

Email: discoballmusicgroup@gmail.com

Coordonnées: +1 954-687-6377.

Yon album tou nèf ap vin jwenn fanatik « Discoball » avèk tout moun ki renmen bèl mizik pou ane 2020 an, ki anonse anpil sipriz kote y’ap gen pou ft avèk anpil gwo atis ayisyen tankou etranje, ou menm ki patko konnen mesye sa yo k’ap fè fyète chak grenn Ayisyen, se yon meyè moman pou w’al fè konesans avè yo e felisite bèl travay sa yo pou vann peyi Dayiti.

Otè: Jemsley JOSEPH

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

QUAVO BRISE LE SILENCE APRÈS LA MORT AU DÉCOLLAGE : “JE NE TE QUITTERAI JAMAIS”

Pour la première fois depuis la mort du rappeur Takeoff, Quavo s’est adressé publiquement à …