AYITI/ENSEKIRITE: YON GWOUP MOUN ATAKE KOMISARYA ANSAPIT LA, POLISYE YO AL PRAN SOUF KAY VWAZEN.

Yon gwoup moun atake komisarya Ansapit la mèkredi premye janvye 2020 an, polisye yo ki te nan komisarya ki pat ka jere sekous foul la ki tap tire woch boutèy katouch sou yo te oblije kouri antre kay vwazen pou sove lavi yo.

Moun sa yo ki tap mande pou lage yon prizonye ke lapolis te arete te trè vyolan e yo te gen tout kalite zam nan men yo, pat pran tan apre senk (5) polisye ki te nan komisarya te chape poul yo, yo sakaje komisarya epi mete dife ladann. Selon enfo yo yon moun ta pèdi lavil e plizyè lòt blese pandan atak la.

Polisye yo ki te met van nan zèl yo pou pat viktim ta deja retounen nan peyi a selon enfòmasyon yo.

 

 

Kredi foto: Haitilibre

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …