AYITI/POLITIK: PETROCHALENGERS NOU PAP KONPLIS DESIDE PRAN CHIMEN DYALÒG.

Nan yon nòt pou laprès yo pibliye a yè jedi 2 janvye 2019 la, NPK rann piblik volonte yo genyen pou al dyalòge ak chèf leta peyi a Jovenel Moïse sou kriz kap brase bil peyi a depi kèk tan. Objektif rankont sila se pou yo kapab fè prezidan konnen pozisyon ofisyèl yo nan tout sakap pase anndan peyi a.

Responsab estrikti sa di yo pran desizyon sa aprè yo fin resevwa yon lèt ki soti nan palè nan dat 31 desanm 2019 pase a ki envite yo vin dyaloge ak prezidan an.

Se dosye dèmalòg la, demisyon prezidan, pwosè petrokaribe a, zafè lajistis ki enplike senatè Onondieu Louis, arestasyon ak anprizonman plizyè militan politik, aplikasyon akò Marriot se pwen sa yo ak anpil lòt, daprè responsab yo, ki pral diskite ak chèf leta nan kad rankont yo ak prezidan Jounen 3 janvye a.

Pilwen manm estrikti sila ekate tout posiblite pou pa patisipe nan okenn gouvènman ki ap genyen pou mete anplas kontrèman ak sa anpil moun ta fè konprann.

Noupap konplis se youn nan gwoup, menm jan ak anpil lòt gwoup politik, ap mande depa prezidan repiblik la Jovenel Moïse sou pouvwa depi yon bon bout tan.

Gédéon DELVA

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …