ESPÒ/FOUTBÒL/DÈY: YON JWÈ FRANSÈ PÈDI LAVIL NAN YON AKSIDAN MACHIN.

Nathaël JULAN yon jèn atakan ki tap jwe nan chanpya Fransè an nan dezyèm divizyon jwenn lanmò li vandredi 03 Janvye 2020 an nan yon aksidan machin.

Ane (2020) an mal kòmanse pou ekip Gengantwa a kote yo pèdi youn (1) nan jwè ofansif yo ki rele Nathaël JULAN
Jèn Fransè (23) lane an fèt nan peyi Lafrans 19 jiyè (1997).
Li pèdi lavi li 3 janvye (2020) avèk (23) 23 lane.

Nathaël te konnen yon pakou pwofesyonèl nan lig Domino’s la
Le Have (2015- 2018), Gengan (2018 – 2020), li te fè yon ane prè nan valansyèn (2019).

Se avèk anpil tristès Jan sa ap sikile sou tout rezo sosyal yo kote atakan bretonn nan fè yon aksidan li pat ka kontwole machin nan li al rann dènye souf li sou Kabann lopital.
Nathaël te jwe de (2) match nan tout konpetisyon avèk klèb bretonn lan pou kòmansman sezon an.

Nan okazyon sa Echojounal avèk tout peyi a pataje pèn nan avèk fanmiy ak zanmi JULAN san bliye klèb li ki se ANNAVAN GENGAN
kote entènasyonal ayisyen an ap jwe kise
Franztdy Pierrot.

OTÈ : JOCELYN COUYOUTE.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …