AYITI/ENSEKIRITE: KOMIN SITE SOLEY ANBA GWO ZAK VYOLANS DEPI APRE LANMÒ TI OUGAN.

Aprè lanmò chèf gang pwojè dwouya a Ti Hougan, sitiyasyon vyolans lan vinn pi konplike, chak jou Bondye mete se kout zam kap tire tribò pa bò nan pwojè dwouya.

Daprè yon notab nan zòn lan, Jean Hénoc Joseph, kout zam sa yo kap chante tribò pa bò a se bandi ak bandi yon fason pou youn nan yo ka vinn ranplase Ti Hougan ki pèdi lavil nan lane 2019 la anba kout zam patizanl

Mesye Henoc Joseph fè konnen li vrèman difisil pou kounya pou yo konnen konbyen moun ki mouri epi ki blese men li pa ekate bilan kek grenn moun nan popilasyon an ap rapòte pou di men konbyen moun ki mouri epi ki blese

Yon lòt bò mesye Hénoc Joseph fè konnen seri vyolans sa yo antre nan kad batay kap mennen pou gen kontwol teritwa yo, yon fason pou lè gen eleksyon pou bandi yo ka gen kontwòl epas la pou kandida yap kore nan kous la kapab genyen eleksyon an.

Pou fini mesye Henoc Joseph fè konnen fòs lòd yo pa fè okenn entèvansyon yon mannyè pou pèmèt sitiyasyon an retounen nan nòmal li

Rikenson Fulgeance

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …