LEMOND/SANTE: OMS MANDE 40 MILYON DOLA POU YON PLAN VAKSINASYON AN REPIBLIK DEMOKRATIK KONGO.

Òganizasyon mondyal sante a (OMS) mande 40 milyon dola pou yon plan vaksinasyon kont maladi lawoujòl kap dire sis mwa pou ti moun ki genyen ant sis (6)jiska katòz(14) lane nan peyi repiblik demokratik kongo a ki twouvel nan kontinan afrikèn nan

Daprè yon done statistik Òganizasyon ki la pou jere koze sante nan mond lan (OMS) bay, ayè madi 7 janvye a epidemi lawoujòl sila deja mete yon bout nan lavi plis pase sis mil (6000) moun nan pi piti ke yon lane nan peyi Kongo

Pilwen responsab (OMS) yo fè konnen epidemi lawoujòl la vin grav se akoz popilasyon kongolè a pa jwenn asistans sante nan zòn ki pi mal yo

Pou fini nap ranple nan lane 2019 te gen plis pase 18 milyon ti moun ki gen pi piti ke 5 lane kite pran vaksen e nan tout peyi repiblik demokratik kongo te gen 310 000 moun yo te sispèk ki te gen epidemi sa ki te rive vaksine tou.

 

Otè:Anderson PHEBE

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …