Nan yon match san fòse pwoteje Pep Guardiola yo bat byen fasil malgre yon onz (11) san yon avan sant tip, sa pa anpeche sitizenn yo mennen (0-3) depi nan premye peryòd la.
Bernado Silva te make premye gòl la byen bonè swa (17′), Riyad Mahrez ta pral agrave eskò an nan (33′) sou yon pas desizif de Bernado Silva.
Pereira (5′) ta pral make kont kanl sa ki ta pral pèmèt Man.city fini premye mitan an (0-3).
Sòti nan poz demi an pat gen twòp gran choz paske se ta pral byen konte pou Pep Guardiola.
Marcus Rashford te redwi eskò nan (70′) nan rankont lan sa pat twò chanje fizyonomi rankont lan.
Eskò final la apre (90′) se (1-3) match tounen an ap gen poul jwe 29 janvye 2020, nan etihad Stedium nan.
Si tit chanpyona angletè an sanble enposib pou sitizenn yo, yo pran yon opsyon trè serye pou de (2) lòt tit yo.
JOCELYN COUYOUTE.