FOUTBÒL/KONKAKAF JO 2020 : SELEKSYON OLENPMIK AYISYÈN LAN TONBE NAN « GWOUP B  » APRÈ TIRAJ OSÒ YO.

Soti 20 mas pou bout 1er avril 2020 kap vini la se peyi meksik ki pral resevwa dènyè faz eliminatwa Tokyo 2020 yo pou zòn konkakaf la.

Se 8 peyi kap gen dwa al jwe dènyè faz pou kalifikasyon JO 2020 an,chak gwoup yo ap bay yon kalifye ki donk se 2 ekip ki pral reprezante zòn lan nan Tokyo pandan ete kap vini la.Ekip u23 ayisyèn lan pataje menm gwoup ak Ondiras ,Kanada,epi ak Salvadò. Misyon an pap fasil pou jèn grandye yo pliske yap gen pou jwe kont 2 ekip solid nan kategori sa kise Kanada ak Ondiras.

Men gwoup yo an detay
Gwoup A
Meksik
Etazini
Kosta rika
Repiblik Dominikèn

Gwoup B
Kanada
Ondiras
Ayiti
Salvadò

Ôté: Mackensonsevere92@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …