AYITI/SOSYAL: YON GWOUP JÈN DESIDE BAY PÒSENLWI YON LÒT IMAJ.

Plizyè jèn kap viv nan Pòsenlwi (yon lokalite defavorize nan Aken) òganize soti 10 pou rive dimanch 12 janvye 2020 an yon festival dans ak mizik. Objektif aktivite sa se pou sansibilize tout moun kap viv nan zòn nan sou kapasite yo genyen, fè yo konnen yo se moun menm jan ak tout moun e yo ka reyalize anpil bagay.

« Pòsenlwi an aksyon », se sou tèm sa jèn sa yo òganize festivite sila.
Aktivite sa a ki te komanse ak plizyè operasyon netwayaj nan plizyè katye se te okazyon pou plizyè atis ,dj kap viv nan zòn nan te vin pèfòme ,montre talan yo genyen. Nan dènye jou a gras ak sipò MOUN LIB (yon oganizasyon nan sosyete sivil nan komin nan) te fè yon projeksyon film pou te raple ravaj ak gaspiyaj tranbleman tè 12 janvye 2010 la fè.

Bidler Henry prezidan komite a ki tap òganize aktivite sa tap pale nan jounal la di li fyè e kontan pou reyalizasyon festival la. Li kwè nan tèt ansanm yap rive fè lot moun ki te panse mal de zòn nan wè yo yon jan. Li pwofite mande ak tout moun kap viv Pòsenlwi pou rete ak menm lide sa pou ka chanje imaj lokalite sa anpil moun trete mal.
Li anonse yo pap kanpe yo konte òganize plizyè lot aktivite pou ane a.

Nap fè remake twa (3) jou festival sa pase san okenn ensidan malgre pat gen prezans lapolis. Se te moun nan zòn yo ki te sekirize pwogram nan.

Gédéon DELVA

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …