ESPÒ/MONDYAL: ROGER FEDERER NOME PAMI TWA (3) ATLÈT KI GEN PLIS KÒB NAN MOND LAN.

Roger Federer se yon jwè tenis li fèt nan dat ki te 8 awout 1981 nan peyi Laswis nan yon vil yo rele bal.

Swis la kòmanse jwe pwofesyonèl depi (1998).
Li bat tout pi gwo rekò ki genyen depi egzistans jwèt sa.
Li bat rekò 237 semèn nan premye plas ATP an, li se sèl jwè ki fè ven (20) viktwa nan tounwa gran chelèm.
Li plase kòm sèl jwè ki pase 5 lane nan premye plas ATP an (2004, 2005, 2006, 2007, epi 2009.)

Federer genyen (103) tit ATP, (26) tounwa majè, (28) mastèz 1000.
Roger se sèl tenismann ki pran senk (5) tit nan twa (3) gran chelèm yo.
(Openn ostrali, Wimbledon, epi US openn).

19 fevriye nan lane (2018) li vin pi gran jwè ki #1 mondyal nan klasman ATP an, lè sa li te gen 36 zan 6 mwa ak 11 jou.

Gras avèk bèl rezilta sa yo espesyalis ki konn jwèt la avèk jounalis ki gen konesans nan jwèt la konsiderel kòm meyè Jwè tenis ki jwe sou sikri an.

 

JOCELYN COUYOUTE

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …