ESPÒ/DÈY: DLO NAN JE FANMI BASKÈT BÒL LA APRE LANMÒ ANSYEN JWÈ LAKERS LA KOBE BRYANT.

Ansyen jwè Lakers la Kobe Bryant mouri jounen dimanch 26 janvye 2020 an apre elikoptè prive lejand NBA ta pral tonbe nan zòn Calabasas ki chita kò li nan Sid Californie peyi Etazini selon sa sit ameriken TMZ fè konnen.

Basketè ameriken an ki gen 41 lane a pat sèl moun ki te nan elikoptè a selon enfòmasyon yo, tout fwa yo poko bay detay sou lòt moun yo men enfo yo fè konnen kat (4) pitit Kobe Bryant yo pat nan elikoptè a e poko gen okenn enfo sou sa ki ta a la baz aksidan sa ki pote ale lavi youn nan sèt (7) jwè ki rive make plis ke 30 000 pwen nan karyè li epi konsidere kòm youn nan meyè jwè de tou lètan nan zafè baskèt bòl.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …