FOUTBÒL/DON: KOMITE EGZEKITIF BOUL POU NOU TOUT DESIDE FÈ YON DON AVÈK SELEKSYON NASYONAL FANM  NAN KAP PREPARE POU ELIMINATWA JO TOKYO 2020 YO NAN VIL HOUSTON.

AUGER LAGUERRE, JOREL HYPPOLITE, SALA PIERRE, WILKENS DORAZI, se non kat (4) moun sa yo ki delege ale Tekzas kote yap gen pou yo pase de (2) jou pou vizite grenadyè yo nan objektif pou fè yon don 29 pè soulye Nike avèk ti medam yo. Delegasyon sa ap nan BBVA STADIUN – HOUSTON, TX la madi 28 janvye 2020 an pou gade mach Ayiti vs USA an ki gen pou jwe a 7hr pm. Men yo deplase depi lendi 27 janvye 2020 an pou mèkredi 29 janvye 2020 an.

Ansyen glwa foutbòl sa yo ap pote mo ankourajman ak motivasyon pou ekip la.

Boul pou nou tout se yon fowòm ki baze nan peyi etazini kote yap diskite ak panse pou foutbòl nasyonal la fowòm sa gen anpil ansyen jwè ki te jwe pou Ayiti ladanl.
Ki gen pou prezidan Geralf Jean
Job Estimé ki se sekretè jeneral.

Jocelyn Couyoute

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …