AYITI/SANTE : MINISTÈ SANTE PIBLIK AK POPILASYON RETE VIJILAN NAN LIDE POU ANPECHE EPIDEMI GRIP « KORONAVIRIS » RANTRE SOU SOL PAPA DESALIN LAN.

Koronaviris se non yon epidemi grip kap sakaje kèk peyi nan kontinan azi a, la Chine pat epanye soti desanm 2019 pou rive 27 janvye 2020 se plis pase 100 kretyen vivan ki pati pou peyi san chapo, Òganizasyon Mondyal Sante (OMS) ta pral deklare ijans nan mond lan pou lite kont epidemi grip sa.

Pou rete veyatif kont nouvo viris sa, direksyon epidemyològ la elabore yon kesyonè espesifik kap disponib nan ayeyopò Toussaint Louverture an kap gen pou fèt nan 4 lang : kreyòl ,fransè, anglè ak espanyol daprè direktè jeneral MSPP a doktè Lauré Adrien, sa ki ap ede yo gen kontwòl moun kap rantre nan peyi a, anpil dispozisyon pran deja pou fè sansibilizasyon pou fè popilasyon an konnen detay sou epidemi Koronaviris .

Otè : Mackenson Sévère

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …