YON MOUN TA MOURI PLIZYE LOT BLESE NAN VIL OKAP.

Plizyè moun blese e yon moun mouri nan vil Okap pandan senatè Youri Latortue ak Jacques Sauveur Jean tap prezante nan yon deba rapò gagòt yo di ki ta fèt nan lajan petwo karibe a nan sant kiltirèl Café triot.

Tout bagay tap dewoule trè byen, selon enfo yo nou rive jwenn, bagay la ta pral gate se nan lè kèk moun ta pral kòmanse poze kesyon ak moun ki te sou panel la, kesyon yo te ale nan tout sans, bò midi moun yo pa idantifye ta pral voye yon gaz nan espas la. Tout moun te oblije ap kouri kite espas la pou yo pa toufe sa ta pral lakoz anpil moun pèdi konesans epi blese

Yon animatè gwoup ‘Tropicana d’Haiti’ ta pèdi lavil toufe nan gaz la selon enfo yo e plizyè lòt moun trouve yo sou kabann lopital ap pran swen

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …