AYITI/DYALÒG: REGWOUPMAN ASOSIYASYON VIZYONÈ POU DEVLOPMAN AVÈK PWOGRÈ (RAVIDEP) MANDE AKTÈ POLITIK KONSÈNE YO CHITA ANSANM POU RETIRE PEYI DAYITI ANBA ENSEKIRITE.

Regoupman Asosiyasyon vizyonè yo pou pwogrè avèk devlopman (RAVIDEP) bay yon konferans pou laprès jounen Vandredi 7 Fevriye 2019 la a 10zè nan maten nan lokal QUIMANS BAR AND GRILL ki chita kòl nan Delma 83 nan objektif pou fè aktè politik konsène yo konnen sitiyasyon peyi a grav anpil yo dwe chita pou chache yon solisyon prese prese pou popilasyon an sispann viktim.

RAVIDEP mande opozisyon an pou sispann chita sou manda prezidan pou ta voye li ale 7 Fevriye 2021 sa ki p’ap chanje pwoblèm pèp la paske sèl prezidan pa ka chanje peyi a, men nan tèt ansanm sa ap rive fèt, epi pou yo pran bon jan mezi pou kouri dèyè fenomèn ensekirite a k ap vin pi grav.

Pou fini RAVIDEP mande nan dyalòg san fòs kote li aplodi pouvwa avèk opozisyon an fè pou ede peyi a soti anba kriz sosyo-ekonomik avèk politik, konstitisyon an dwe nan mitan dyalòg sa pou rive chanje li konsa pèp Ayisyen an ap kapab rale yon souf anba lamizè.

Otè: Jemsley JOSEPH

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …