AYITI/EPIDEMI: AVIDEP PALE SOU GWO MALÈ PANDYE KI SOU TÈT PEYI DAYITI AVÈK EPIDEMI CORONAVIRUS

Nan yon konferans asosiyasyon vizyonè pou devlopman avèk pwogrè (AVIDEP) bay jodi Mèkredi 12 Fevriye 2020 an nan biwo yo, pa kache gwo kè kase yo genyen sou epidemi Coronavirus la k ap ravaje mond lan, espasyalman peyi Lachin kote yo te dekouvri maladi sa a ki gentan fè konte plizyè kadav, san konte moun yo gentan jwenn nan lòt peyi yo tankou Sendomeng ki se vwazen ki pi pwòch peyi Dayiti ki gentan gen moun ki gen maladi a nan san yo.

Asosiyasyon vizyonè pou devlopman avèk pwogrè (AVIDEP) mande leta pran desizyon pou pwoteje popilasyon an pandan Kanaval la ap fèt nan peyi a, kote ki gen anpil moun rasanble nan tout kouch nan sosyete a pou evite moun kita deja kontamine avèk maladi a nan san yo pou li pa gaye, sa k ap gen gwo konsekans sou vi popilasyon an si li rive fèt.

Yon lòtbò yo mande otorite konsène yo fè bon jan preparasyon pou si epidemi coronavirus ta rantre nan peyi a, la pwòpte se youn nan premye travay otorite yo dwe fè nan tout peyi a, distribiye materyèl ki pou reponn avèk bezwen popilasyon an tankou gan, cache nez, savon, Clorox epi bay lopital Leta yo avèk kèk lopital prive ekipman pou reponn avè kantite moun ki kapab pran epidemi sila paske pi bonè se granm maten.

Nan kèk mezi prekosyon asosiyasyon vizyonè pou devlopman avèk pwogrè (AVIDEP) mande pou popilasyon an aplike pou pa gaye epidemi an n’ap site: 1) Pa touse nan figi moun. 2) lave men yo avèk savon epi dlo pwòp. 3) pwòpte zòn ou 4) itilize clorox nan dlo yo 5) pote gan nan avèk chache nèg.

Prezidan nasyonal (AVIDEP) Sandro VERGEON mande pou pèp ayisyen an fè yon sèl pou pa kite epidemi Coronavirus vin fè gwo dega nan peyi a.

Otè: Jemsley JOSEPH

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …