ESPÒ/ELIMINATWA JO TOKYO 2020:  NERILIA MONDESIR FÈ PATI 11 TIP  KONPETISYON AN.

Nan okazyon dènye faz eliminatwa Jo Tokyo 2020 an ki te fèt nan peyi Etazini.
Se seleksyon amerikèn nan ki ranpòtel dimanch 9 fevriye 2020 ak kont Canada (3-0).
Komisyon kap òganize konpetisyon an pibliye lis onz (11) jwèz ki te pi bon yo Nerilia Mondesir ladanl malgre Ayiti te elimine depi nan premye tou.

Apre final sila seleksyon amerikèn nan chanpyon sou kanada (3-0) se yo ki pral gen pou jwe konpetisyon sila nan vil Tokyo ki se je olenmpik 2020 yo. konkakaf la fè sòti lis moun ki te pi pèfòman nan tounwa sa.

Entènasyonal ayisyen an kap jwe nan klèb Monpelye an (Nerilia Mondesir) se sèl grenadyè ki nan lis la. Kanada gen (4) jwèz ekip chanpyon an li menm gen twa (3) jwez ki se Etazini, Costa-Rica li menm gen de (2) epi Meksik gen (1) pou konpkete onz (11) lan.

Men lis onz (11) moun yo ak ki peyi yo sòti

Gadyen:
Labbe (canada)

Defansèz :

Lawrence (canada)
Blanco (Costa-Rica)
Buchanan (Canada)
Dunn (USA)

Milye tèren:

Rodriguez (Costa-Rica)
Horan (USA)
Nerilia Mondesir (Ayiti)

Atakant:
Press (USA)
Huitama (Canada)
Cuéllar (meksik)

Jocelyn Couyoute

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …