AYITI/ARESTASYON: YON KANBIZ ANBA KÒD POU TÈT LI TAP SIKILE A 840 MIL PESO LAJAN DOMINIKEN NAN MACHIN LI.

Lapolis arete biznisman Fritzbert Telemarque jounen mèkredi 12 fevriye 2020 an nan zòn Malpas akoz li te gen nan machin li 840 mil peso selon sa pwòch òm dafè a fè konnen.

Fritzbert Telemarque pa sèlman yon kanbiz men li se mèt yon kenkayri ak yon biwo dechanj nan zòn Fonparizyen, nan yon apèl telefòn nou te gen avèk li, Fritzbert fè konnen li gen 19 lane depi lap fè biznis, e se lajan prete ki nan menl selon sa li di, biznisman nan fè konnen se dèt li ta pral peye ak yon siman. Kanbiz lan fè konnen malgre li prezante tout papye legal ke li genyen pou biznis li e bay sa li ta pral fè, yo chwazi kenbel e fèl dòmi nan gad avi.

Yon bagay ki leve plim sou do plizyè jèn nan zòn Fonparizyen, yo bloke wout Fonparizyen an ki mennen sou fwontyè a pou pote solidarite yo ak biznisman nan e anonse lòt mouvman si Fritzbert Telemarque pa jwenn liberasyon.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …