AYITI/PNH: GWOUP KAP MANDE SENDIKA NAN TÈT LAPOLIS LA KOURI POU ZAK VYOLANS YO APRE YO TE FIN ATAKE GRAN KATYE JENERAL AK RADIO TELEVISION CARAIBES.

Polisye kap mande pou genyon sendika nan lapolis ak pi bon kondisyon pou yo travay koupe fache ak zak vyolans pi fò nan yo fè nan lari a sitou nan zòn chanmas la dimanch 23 fevriye 2020 an.

Nan yon nòt manm sendika yo kondane atak anpil nan yo te fè sou chanmas la kote yo te atake gran katye jeneral radio television Caraïbes epi boule stann pou site sa yo sèlman, sa ki koz yon manm fòs lame a mouri epi de lòt blese san konte plizyè nan polisye a kagoul yo ki blese selon enfòmasyon yo.

Manm sendika yo mande polisye yo pou aplike prensip ak disiplin nan evite lòt moun pran woulib nan mouvman ke yap mennen pou yo ka jwenn pi bon mwayen pou yo travay epi yon sendika nan lapolis la.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …